Wazaka se yon kominote kote moun pataje ide, poste solisyon, pwopoze pwojè, vote, bay don, epi kontribye pou yon pi bon Ayiti san diskriminasyon, san rayisman, san divizyon.
Yon espas pou jèn yo aprann, li, pataje konesans, epi prepare avni yo.
Yon espas dijital pou rasanble moun ki vle reflechi, aji, epi kontribye pou yon Ayiti miyò.
Manm yo ka ekri post, mete foto, pataje opinyon ak solisyon ki respekte kominote a.
Chak moun ka prezante yon pwojè pou Ayiti: edikasyon, teknoloji, agrikilti, sante, netwayaj, ak plis ankò.
Si yon post resevwa 10 report diferan, sistèm nan retire l otomatikman pou pwoteje espas la.
Total lajan kominote a deja rekòlte pou sipòte pwojè ki gen enpak pozitif pou Ayiti.
Chak don dwe rete transparan. Wazaka ap montre kantite lajan ki ranmase, kantite ki deja itilize, ak rès fon ki disponib pou pwojè kominote a vote yo.
Wazaka pa ankouraje okenn bagay ki divize peyi a. Nou kwè nan respè, responsabilite, kontribisyon, ak aksyon pozitif. Si gen pwoblèm, nou pale sou li pou chèche solisyon.
Wazaka ap bay vizibilite ak sipò pou pwojè ki gen objektif klè, bidjè klè, ak enpak reyèl.
Yon pwojè pou ankouraje agrikilti lokal, fòme jèn yo, epi kreye ti sous revni pou kominote a.
Antre nan kominote a, pataje lide w, sipòte pwojè, epi ede bati yon mouvman pozitif pou Ayiti.